Translate

jeudi 29 mars 2018

Dosye Vladjimir Legagneur: Lapolis ak Lajistis dwe fè travay yo

Vladjimir Legagneur | par Edris Fortuné
Se ak gwo enkyetid n'ap konstate mank enterè otorite Lapolis ak Lajistis peyi d'Ayiti manifeste nan kad disparisyon depi 14 mas pase a, fotograf Vladjimir Legagneur ki te ale fè travay jounalis li nan zòn Gran Ravin.


Se pou otorite Lapolis ak Lajistis yo resezi yo epi fè travay sosyete a mete yo la pou fè a.

Kit zòsman Lapolis twouve nan Gran Ravin 28 mas la ta va zòsman Vladjimir Legagneur ou non, se pou ankèt la kontinye epi abouti. Menmsi anpil abitan Gran Ravin te deja afime jounalis la mouri dekapite anba men jèn gason li te gen randevou ak yo pou li te ka fè yon repòtaj.

Nou menm jounalis, nou swete dosye sila pa fini menm jan ak dosye disparisyon oubyen asasinay lòt jounalis, kote kriminèl yo pa janm pini pou krim yo komèt yo.

N'ap siyale, si Lapolis ak Lajistis pa fè travay yo, se lavi tout jounalis nan peyi a yo mete andanje. Paske ni kriminèl ak kostim ni kriminèl pye atè pral santi yo alèz pou disparèt epi touye jounalis.

N'ap egzòte tou, otorite nan pouvwa egzekitif la ak palmantè ki toujou ap bay bandi "iminite" yo, pou yo rete nan wòl yo fwa sila epi kite Lapolis ak Lajistis fè travay yo.


Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

Aucun commentaire:

Publier un commentaire