Translate

mardi 3 avril 2018

Disparition de Vladjimir Legagneur: Cri d'alarme de la Confédération des Journalistes du Nord-Est

Des journalistes du Nord-Est, membres de COJNE, le 1er avril 2018 |par Emile Pierre / de Nord-Est Info
Après la disparition du journaliste Vladjimir Legagneur, les journalistes du pays se trouvent dans l'inquiétude d'exercer leur fonction.

La Confédération des Journalistes du Nord-Est (COJNE) a sonné la sonnette d'alarme, le dimanche 1er avril 2018, dans une note de presse au locale de la radio Canarie FM à Ouanaminthe.

Voici la note de presse
"Se ak gwo enkyetid n'ap konstate mank enterè otorite Lapolis ak Lajistis peyi d'Ayiti manifeste nan kad disparisyon depi 14 mas 2018 pase a, fotojounalis Vladjimir Legagneur ki te ale fè travay jounalis li nan zòn Gran Ravin.

N'ap mande otorite Lapolis ak Lajistis yo pou resezi yo epi fè travay sosyete a mete yo la pou fè a.

Kit zòsman Lapolis twouve nan Gran Ravin 28 mas pase a, ta va zòsman Vladjimir Legagneur ou non, se pou ankèt la kontinye epi abouti. Menmsi anpil abitan Gran Ravin te deja afime jounalis la mouri dekapite anba men jèn gason li te gen randevou ak yo pou li te ka fè yon repòtaj.

Nou menm jounalis nan Nòdès, nou swete dosye sila pa fini menm jan ak dosye disparisyon oubyen asasinay lòt jounalis, kote kriminèl yo pa janm pini pou krim yo komèt yo.

N'ap siyale, si Lapolis ak Lajistis pa fè travay yo, se lavi tout jounalis nan peyi a yo mete andanje. Paske ni kriminèl ak kostim ni kriminèl pye atè pral santi yo alèz pou disparèt epi touye jounalis. Sitou nan depatman Nòdès la, kote depi kèk, politisyen ap itilize tout fòm entimidasyon pou redwi jounalis o silans.

N'ap egzòte tou, otorite nan pouvwa egzekitif ak palmantè ki toujou ap bay bandi "iminite" yo, pou yo rete nan wòl epi kite Lapolis ak Lajistis fè travay yo."

On peut remarquer depuis quelques temps, la vie des Journalistes haïtiens a peu d'importance aux yeux des autorités de ce pays.

A cause d'une justice non indépendante, les bandits sont en pleine liberté dans une société sans défense. Dans un pays où les autorités sont irresponsables, les bandits et les criminels sont des rois.

Nous demandons une fois de plus à la justice et à la police nationale de rendre justice à la famille Legagneur et à la grande famille de la presse. Vladjimir Legagneur a travaillé au profit de son pays et rêvait une Haïti tranquille et prospère.

Emile Pierre

Aucun commentaire:

Publier un commentaire