Translate

jeudi 12 novembre 2015

Fòmasyon sèvis kreyòl VOA louvri je jounalis Serge Phanord sou gwosè mankman laprès nan Wanament

Jounalis Serge Phanord | Crédit photo: Jéthro-Claudel Pierre Jeanty
Apre patisipasyon li nan fòmasyon sèvis kreyòl Voice of America (VOA) “VwaLamerik, an kreyòl” nan dat ki te 01 pou 07 novanm 2015 lan, nan Wasnhington, kapital Etazini, jounalis Serge Phanord ki se direktè sal nouvèl nan radyo « Universelle » nan komin Wanament, fè konnen li aprann anpil bagay sou metye jounalis la epi li rive pran konsyans sou gwosè mankman ki genyen nan pratik metye a nan zòn lan, nan yon entèvyou ak Nord-Est Info.


Serge Phanord ki trè kategorik deklare « yon jounalis dwe toujou ap resikle. Anpil fwa nan fòmasyon yo, pandan wap aprann yon seri prensip, ou kapab vin rann ou kont ou pa te konnen anyen menm ».

Li kontinye pou di « anpil fwa jounalis yo plis wè tèt yo tankou yon sipè sta, tankou yon mèt konnen olye yon pwofesyonèl k’ap sèvi yon kominote ». Poutan misyon jounalis la se devlope lespri moun yo, ede yo konprann sa k’ap pase nan kominote y’ap viv la. Nouvèl yo dwe ekilibre, li dwe bay san patipri, epi espas medya yo pa dwe yon zam pou detwi moun.

Mesye Phanord rete kwè si laprès ap fè yon travay pwofesyonèl devlòpman peyi a pa lwen.

Nan sans sa li ankouraje jounalis yo pou pa sispann chache pou patisipe nan fòmasyon pou yo kapab vin pi pèfòman oubyen achte liv ki pale sou pratik metye a.

Pandan fòmayon sa ki te gen anpil egzèsis pratik, 10 jounalis ayisyen ki soti nan plizyè zòn nan peyi a te travay sou : teknik pou prepare repòtaj, itilizasyon rezo sosyal yo, itilizasyon kèk nouvo aplikasyon enfòmatik tankou «periscope» ki pèmèt ou fè repòtaj videyo an dirèk ak sèlman yon telefòn, teknik entèvyou, eleman fondamantal pou ekri atik. Patisipan yo rive konprann pi byen tou pwosesis elektoral la ameriken an.

Pandan tan yo pase nan Washington lan jounalis yo te fè yon vizit nan nan kongrè ameriken an tou.

Program fòmasyon sa ki egziste depi plizyè lane jwenn finansman Anbasab amerikèn nan peyi d’Ayiti. Nan gwoup 10 jounalis yo se sèl Serge Phanord ki te soti nan depatman Nòdès la.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire