Translate

vendredi 27 septembre 2019

Moun Wanament, fatra pa flè

Sant vil Wanament
Depi plis pase yon mwa, lameri Wanament pa kolekte fatra. Sa ki lakoz sitiyasyon an vin dejenere nan sant-vil la.


Anpli abitan ki pa ka sipòte fatra lakay yo, depoze yo nan lari a, sa ki lakoz sant-vil la ki te deja chaje ak fatra vin gen plis fatra toujou. Yon lòt kote gen anpil lòt abitan ki deside pa kontribiye nan sal lari. Sitwayen sa yo kontinye kenbe fatra yo lakay yo. Enben, lakay abitan sa yo, fatra monte pil sou pil.

Pandan lapli a ap tonbe nan finisman mwa septanm 2019 la, gen anpil moun ki pwofite jete fatra yo te gen lakay yo nan kanal. Sa ki pral lakoz kanal yo bouche. Yon sitiyasyon k'ap ranfòse risk inondasyon nan komin nan.

Bò kote yo, otorite minispal yo pa fè okenn anons pou di popilasyon an ni ki pwoblèm ki genyen, ni ki mannyè, ni ki lè pwoblèm nan ap rezoud.

Fas ak sitiyasyon sila, n'ap raple otorite yo ak tout popilasyon an, fatra pa flè e fatra bay anpil kalite maladi. Donk, gen ijans pou otorite lakomin yo pran mezi ki nesesè pou ranmanse pil fatra yo ki nan lari a, pase kolekte fatra abitan yo stoke lakay yo epi defini yon plan pou jere fatra nan komin nan.

Bò kote pa li, popilasyon an sipoze gen yon konpòtman ki pi responsab fas a fatra. Si otorite yo refize fè travay yo, nou menm nou sipoze twouve yon lòt solisyon nan plas "jete nan lari ak nan kanal" paske lè nou konpòte konsa se nou menm ankò ki premye viktim anba maladi, inondasyon epi aksidan n'ap viktim paske lari a ankonbre.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire