Translate

vendredi 3 mai 2019

Nan yon nòt COJNE prezante sitiyasyon laprès la nan Nòdès epi fè kèk rekòmandasyon

Manb COJNE nan okazyon 3 me 2019 la | Oxilas Guerlin / Nord-Est Info
Nan yon nòt pou laprès Confédération des Journalistes du Nord-Est (COJNE) pibliye nan okazyon jounen mondial libète laprès pou ane 2019 la, asosiyasyon an prezante sitiyasyon laprès nan depatman Nòdès la epi fè yon ansanm rekòmandasyon.



Men nòt pou laprès la nan entegralite li:
Asanble jeneral Nasyonzini pwoklame 3 me se Jounen mondyal Libète laprès, yon fason pou fè gouvènman yo sonje obligasyon yo genyen pou fè respekte dwa ak libète moun genyen pou eksprime yo, epi tou sansibilize tout moun an jeneral sou enpòtans libète laprès.

Lè n’ konsidere difikilte tout jounalis an Ayiti, espesyaman nan depatman Nòdès la rankontre pou jwenn enfòmasyon bò kote enstitisyon yo, piblik tankou prive.

Lè n’ konsidere salè mizerab yon jounalis ap touche pou travay li, kote anpil fwa li konn menm pa jwenn li.

Lè n’ konsidere anpil sektè manke konesans sou travay jounalis yo ap fè.

Lè n’ konsidere zak agresyon ak entimidasyon kèk jounalis nan depatman an konn sibi bò kote kèk medya ki gen entère yo makonnen ak sektè prive oubyen yon otorite nan Leta a.

Le n’ konsidere soti ane 2014 pou rive 2019, Ayiti pèdi 15 plas nan klasman mondyal ki gen pou wè ak libète laprès.

Lè n’ konsidere misyon laprès genyen pou li enfòme ak fòme.

Li klè pou nou menm, nan Confédération des Journalistes du Nord-Est (COJNE) sitiyasyon sa gen gwo konsekans sou dwa nou menm kòm jounalis genyen pou egzèse pwofesyon nou jan sa dwe fèt.

Nan okazyon jounen mondyal libète laprès la, COJNE leve vwa li byen wo pou mande tout sektè ak tout otorite nan Leta a pou toujou afiche yon konpòtman demokratik, lè yo gen yon pwoblèm ak yon jounalis nan egzèsis fonksyon li, sa vle di selon konstitisyon an se lajistis ki pou rezoud pwoblèm nan, se pa ni entimidasyon, ni asasinay.

Ranfòse sistèm jistis la paske se lè jistis la fò e endepandan jounalis la ap gen garanti se lalwa k’ap triyonfe.

Pou fini, COJNE mande tout konfrè ak konsè jounalis yo nan peyi a, espesyalman nan Nòdès, pou kontinye fòme tèt yo yon fason pou ka fè pi bon travay nan benefis sosyete a. Libète laprès enpòtan anpil an Ayiti, nan sans pou n’ pwoteje ak prezève sosyete a kont tout enjistis ak tout fòm deriv ki kapab nwi dwa ak libète moun genyen.


Pou komite a :
Jéthro-Claudel Pierre Jeanty, Kòdonate
Jaudelet Junior Saint-Vil, Sekretè
Amazan Simpson Charles, Trezorye

Aucun commentaire:

Publier un commentaire