Nan yon lèt li voye bay prezidan epi tout konseye yo nan Kosèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), prezidan Koudapèl Okap la, Majistra Garry Paul Angrand enfòme yo sou konsta li fè kote pa gen yon Bawo ki fonksyonèl nan jiridiksyon Tribinal Premyè Enstans Wanament lan. Korespondans sa ale tout swit aprè yon arè-òdonans Koudapèl sou dosye sa.
Kòm responsab ki dwe veye sou regilarite deba yo, lejitimite kalite pati ki devan lajistis yo di yo genyen epi gwo respè ki dwe genyen pou dispozisyon legal ak reglemantè ki reji pwofesyon Avoka a, prezidan Koudapèl Okap la entèdi moun prezante yo nan jiridiksyon an sou tit Avoka nan Bawo Wanament. Tout moun ki pa optanpere ap sanksyone selon sa ki di nan atik 18, 20 ak 62 dekrè 29 mas 1979 la.
Majistra Gary Paul Angrand raple, pou rive jis nan dat 23 mas 2026 la, li pa resevwa okenn dokiman ki soti bò kote otorite konpetan yo ki di gen yon Bawo ki egziste epi k'ap fonksyone nan jiridiksyon Wanament lan.
Sitiyasyon sa kontrè ak atik 2, 3, 9, 14 ak 32 dekrè 29 mas 1979 la ki reglemante pwofesyon Avoka a.
N'ap raple pou ou, dwayen, komisè gouvènman ak lòt pèsonèl TPI Wanament lan te prete sèman nan dat 9 mas 2026 epi enstale nan demen 10 mas la. Men, depi lè minis jistis la Me Patrick Pelissier ak ansyen manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon, Smith Augustin ak Emmanuel Vertillaire t'ap remèt komisè gouvènman an Mèt Elisma Florvil lèt nominasyon li nan dat 22 desanm 2025 lan, yon gwoup avoka ki soti nan jiridiksyon Mibalè ak Granrivyè ap klewonnen nan laprès yo kreye Bawo Wanament.
Anpil Avoka Wanament denonse gwoup avoka sa yo ki vle pran Bawo Wanament lan daso pandan y'ap chache mete deyò majorite avoka Wanament nan pwòp Bawo Wanament lan.
Bò kote pa yo, gwoup avoka Wanament yo lanse apèl pou tout avoka ki deside vini nan Bawo Wanament lan pou rejwenn yo yon fason pou kreye strikti sila.
Yon lòt bò, dekana TPI Wanament lan ak pakè kòmanse chita pale ak avoka Wanament yo epi gwoup avoka ki soti nan lòt jiridiksyon yo pou jwenn yon solisyon.
Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

Aucun commentaire:
Publier un commentaire