Translate

samedi 17 septembre 2022

Piyaj nan plizyè enstitisyon nan Wanament aprè manifestasyon kont gouvènman Ariel Henry an

Kèk moun devan biwo SJM lan nan Wanament pandan piyaj la | Jéthro-Claudel Pierre Jeanty/Notd-Est Info

Pandan aprè midi vandredi 16 septanm 2022 a, yon gwoup sitwayen mache fè piyaj nan plizyè enstitisyon nan sant vil komin Wanament, nan depatman Nòdès la.

 

Daprè konsta nou fè, nan biwo Sèvis Jezwit pou Migran/Solidarite Fwontalye, moun yo pote ale preske  tout sa yo jwenn nan lakou a ak andedan biwo a kote yo fouye chanm aprè chanm. Yon machin ki sou lakou a se yonn nan ra bagay moun yo pa pran.

 

Gen enfòmasyon ki fè konnen, anvan moun yo te anvayi biwo Solidarite Fwontalye a, yo te gentan devalize Lekòl nasyonal pou tifi yo. Epi yo te atake biwo Lameri ak biwo Ofis nasyonal asirans vyeyès kote yo te tante mete dife, men Lapolis te anpeche yo.

 

Sèn piyaj sa yo vini aprè yon manifestasyon plizyè òganizasyon politik tankou Mouvman Sitwayen Angaje, Pitit Desalin, Ekilib Demokratik, Inityav Patriyòt Maryen ak lòt ankò te òganize nan maten pou rive mitan jounen an kont gouvènman Ariel Henry a.

 

Pandan manifestasyon sila ki te pakouri plizyè ri nan sant vil la, manifestan yo tap reklame demisyon premye minis Ariel Henry, denonse lavi chè ak ensekirite epi mande anilasyon desizyon gouvènman an pran pou monte pri pwodwi petwolye yo.

 

Nou te remake gen gwoup jèn ki tap pwoteste kont prezans bandwòl strikti politik Ekilib Demokratik la. Jèn sa yo ki tap voye pinga, akize yon seri ansyen dirijan yo estime ki pa te konn travay pou amelyore kondisyon lavi pèp la pandan yo te chèf epi kounya yap chache rekipere mouvman lajenès la.

 

N’ap siyale, pandan dewoulman manifestasyon an te gen kèk ensidan kote gen kèk moun nan kèk zòn ki te voye wòch sou manifestan yo, epi manifestan yo bò kote pa yo reponn tou ak kout wòch.

 

Manifestasyon an ta pral pran fen nan mitan jounen an aprè Lapolis te voye gaz lakrimojèn pou dispèse foul la nan antre ladwann nan aprè te gen wòch ak boutèy ki te voye sou yo pandan gen manifestan ki tap fè fòs pou antre fè piyaj nan biwo ladwann nan. Daprè enfòmasyon nou jwenn, gen plizyè moun ki blèse pandan yap kouri.

 

 

Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

jeantyjethro@gmail.com 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire