Translate

dimanche 25 avril 2021

Tantativ pou arete direktè jeneral INARA a nan dosye tè Prevwayans lan nan Wanament

Direktè jeneral INARA a, Abele Armand nan komisarya Wanament lan ki atoure ak sekirite li epi sipòtè li |©Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info

Yon gwoup sitwayen ki gen nan tèt yo antreprenè Estime Saint-Juste fè tantativ pou fè arete direktè jeneral Enstiti nasyonal pou refòm agrè (INARA, nan lang franse), Abele Armand jounen samdi 24 avril 2021 an pandan direktè jeneral la te twouve li sant vil komin Wanament.

Direktè jeneral la prezan nan Wanament se pou li kapab bòne plizyè santèn kawo tè ki nan konfli nan lokalite Prevwayans nan seksyon kominal Savannlong epi reyenstale peyizan lajistis nan depatman Nòdès te degèpi nan avantaj plizyè moun ki te achte tè sa yo nan men yon mesye ki rele Gerald Joseph. Mesye Armand toujou di tè Prevwayans lan se tè koloni ansyen prezidan Stenio Vincent te bay sivivan masak kout kouto yo nan lane 1937. Yon vèsyon aktyè prezidan Jovenel Moïse te kore sa gen kèk mwa pandan pasaj li nan Wanament, pandan li rekonèt achtè yo pa dwe pèdi.


Gwoup sitwayen sa yo ki te achte nan men Gerald Joseph yo fè yon manda pou arete direktè jeneral INARA a paske li deside replase peyizan yo sou tè a. Enfòmasyon yo fè kwè se yon jij enstriksyon nan tribinal premyè enstans nan Fòlibète ki siyen manda sa.

Pandan Estime Saint-Juste ak ekip jèn gason li te mobilize te bare kòtèj direktè jeneral la devan tankou dèyè ak plizyè machin, egzakteman devan komisarya a vè 9 è nan maten, Abele Armand te antre nan komisarya a. Malgre mesye Saint-Juste te trè tenas, okenn polisye nan komisarya a pa te aksepte egzekite manda a, sitou tout kòmandman lapolis la nan Wanament ta sanble te entwouvab epi ekip militan, lidè ak avoka nan Wanament ki te vin kore direktè jeneral la te klè pou di manda a ilegal. "Selon lalwa, yon jij enstriksyon pa ka mete manda dèyè yon direktè jeneral ki nome ak yon arete prezidansyèl san prezidan Repiblik la pa revoke konsène a", daprè sa yo di.


Pandan tan sa, peyizan yo nan Prevwayans te bloke wout, ap boule Kawoutchou pou manifeste solidarite ak direktè jeneral Abele Armand.


N'ap soulinye, ekip Estime Saint-Juste la tap fè presyon, gen nan yo ki te vle antre pran mesye Armand andedan komisarya a. Yon konpòtman ki te mete plizyè polisye an kòlè.


Se aprè plizyè èd tan direktè a te finalman kite komisarya pou ale Prevwayans kote yon gwoup peyizan tap tann li pou aklame li.


Nan entèvansyon direktè jeneral la, li deklar. "Pa gen jistis nan Nòdès". Menmsi nan byen chache wap twouve kèk grenn ki bon. Sou pwen sa li te epanye sèlman ajan lapolis yo nan komisarya Wanament lan.


Mesye Armand te presize tou, gen moun ki t'ap mande li kanpe sou dosye bòne tè Prevwayans la. Yon demand ou yon enjonksyon li pap satisfè. Jan li pale a, direktè fè konprann si li pa ta fè apantaj la pou replase peyizan yo sou tè a, se tap yon trayizon kont peyizan yo kap tann jistis depi kèk lane.


Kòm li te preske fè nwa lè direktè jeneral la rive nan lokalite Prevwayans, li bay peyizan yo randevou pou demen dimanch 25 avril la pou kòmanse ak apantaj tè yo.


N'ap soulinye, mesye Estime Saint-Juste nan yon machin ranpli ak jèn gason te swiv kòtèj direktè jeneral la pou ale Prevwayans. Men pa te gen okenn altèkasyon ak abitan zòn nan.


Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

jeantyjethro@gmail.com 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire