Translate

dimanche 11 avril 2021

Pou ki rezon kinnapè yo epanye moun ki gen plis lajan yo?

Banm pataje ak nou yonn nan pil pwoyokipasyon m gen sou dosye kidnapping nan.

Mwen refize konprann fason kidnapè yo seleksyone moun yap kidnape yo. Paske, 3 gwoup ki ta dwe plis sible selon tout lojik, lè nap konsidere kinnapin fèt pou ranmase gwo lajan, yo pa janm viktim malgre se chak jou kinnapin nan ap fèt.

1- Gwoup moun ki gen gwo lajan yo (map tou souliye, mwen pa nan lojik rayi moun rich non paske mwen ta renmen posede gwo lajan yon jou tou). Men, an règ jeneral, yo kidnape moun se pou ka resevwa gwo lajan nan men pwòch viktim nan. Donk, pou ki rezon se malere ak moun klasmwayèn, pami yo sa kap mete baz pou ta vin rich nan lavni, se yo bandi ap kidnape tout lasent jounen?

2- Gwo chèf yo nan Leta a. Pou dat kinnapin nan ap taye banda nan peyi a, mwen poko janm tande yo kidnape yon gwo chèf ni yon ansyen gwo chèf.

Tout chèf isit rich nan piye peyia. Si kinnapin vize ranmase gwo lajan, poukisa moun sa yo pa janm pami viktim yo?

Si kinnapin nan ta gen motivasyon politik tou, jan anpil moun ap di a, poukisa chèf politik sa yo pa premye viktim yo?

Eske se paske yo gen anpil polisye kap bay yo sekirite?

Eske se paske yo nan konivans ak kidnapè yo?

Mwen poko tande tou yo kidnape yon fanmi yon gwo chèf, apa ti pwomnad madanm chèf sekirite prezidan an.

Mwen konnen tou pitit, madanm ak mari pifò chèf isit pap viv nan peyia. Men, yo toujou gen kèk fanmi nan peyia, poukisa yo pa janm pami viktim yo?

3- Gwo potanta yo nan opozisyon an. Pifò gwo potanta opozisyon an se ansnye gwo chèf ki rich nan piye peyia. Pou ki rezon vag kinnapin nan epanye yo ak tout fasilite sa pandan yo fè pati ti gwoup moun ki ka peye gwo ranson ravisè yo ap egzije yo? E, si kinnapin nan ta gen motivasyon politik, poukisa yo pa premye viktim yo?

POUKISA???

Aucun commentaire:

Publier un commentaire