Translate

mercredi 3 février 2021

Manifestasyon kont Jovenel Moïse nan Nòdès: Plizyè moun blese anba men patizan pouvwa a

 


Nan manifestasyon ki tap fèt jodi mèkredi 3 fevriye 2021 an nan plizyè komin nan depatman Nòdès la pou reklame depa prezidan Jovenel Moïse 7 fevriye 2021 kap vini an, gen plizyè moun ki viktim anba men patizan pouvwa a. Pami viktim yo, gen jounalis Simpson Charles Amazan ki se korespondan radyo Kiskeya nan kapital la Pòtoprens.

Nan komin Wanament, gen pou pi piti 2 moun ki resevwa kout wòch nan tèt nan manifestasyon pasifik plizyè sektè nan opozisyon an tap òganize. Premye a se nan "rue des Martyrs" pandan manifestan yo tap pase devan kay vis-delege a Arold Joseph epi patizan pouvwa a atake yo ak kout wòch.

Dezyèm ka nou konfime se jounalis Simpson Charles Amazan ki resevwa yon kout wòch nan tèt nan ri Libète (zòn baz 52) ki se fyèf pouvwa an plas la. Pou kounya tou 2 viktim yo ap pran swen lopital.

Nan komin Tèryewouj, ta sanble gen plizyè manifestan ki resevwa bal anba men patizan pouvwa a.

Nap soulinye, depi kèk jou te deja gen pawòl kap sikile kòmkwa pouvwa anplas la pran dispozisyon pou atake manifestasyon ki te prevwa pou jodia.


Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

jeantyjethro@gmail.com 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire