Translate

mercredi 3 février 2021

Asosiyasyon jounalis COJNE denonse zak vyolans jounalis Simpson Charles Amazan viktim nan travay li

 Jounalis Simpson Charles Amazan ki kouche sou kabann lopital | © Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info

Aprè konfrè jounalis Simpson Charles Amazan fin sibi zak vyolans pandan li tap kouvri yon manifestasyon mèkredi 3 fevriye 2021 an nan Wanament, COJNE pibliye yon nòt pou denonse zak sila.

Men nòt la.

Konfederasyon jounalis yo nan Nòdès (COJNE, an franse) ap denonse zak vyolans ki fèt sou jounalis Simpson Charles Amazan, ki se trezorye COJNE, nan dat 3 fevriye 2021 an Wanament pandan li tap kouvri manifestasyon plizyè branch nan opozisyon an tap fè pou reklame depa prezidan peyi a Jovenel Moïse 7 fevriye kap vini an.

Jounalis Amazan resevwa yon kout wòch nan tèt pandan manifestasyon an te rive nan ri Libète (zòn baz 52). Nan moman an pa te gen kabouray epi se jounalis la ki premye moun ki viktim nan zòn baz 52 a. Yo te oblije kouri ale an ijans ak jounalis la lopital pou li ka resevwa swen ka li nesesite.

COJNE ap fè tout moun sonje, depi toutan, toujou gen menas kap peze sou tèt jounalis yo nan depatman Nòdès la. Anpil moun nan klas politik la toujou pwofite nenpòt ti okazyon pou atake jounalis yo depi jounalis yo refize fè fanatik pou yo.

COJNE ap raple Leta ayisyen obligasyon li genyen pou garanti sekirite tout moun nan peyi a, patikilyèman jounalis yo kap fè travay enfòme popilasyon an. Nap mande otorite ki la pou sa yo pou yo kreye kondisyon ki nesesè pou jounalis yo ka kontinye fè travay yo san kè sote, sa ki se yon eleman fondamantal nan demokrasi.


Wanament, 3 fevriye 2021


Jéthro-Claudel Pierre Jeanty,

Kòdonatè COJNE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire