Translate

lundi 15 avril 2019

Yon kri pou sove jounalis Wilner Altidor

Wilner Altidor
Mwen te de deside pa entèvni an piblik sou dosye Wilner Altidor a paske mwen te kwè meyè fason pou ede konfrè a se men pou yon moun mete nan pat la pou konfrè a ka jwenn swen sante, akonpanyeman psikolojik, manje ak siveyans.

M'ap fè piblikasyon sa se paske jan dosye a ap dewoule a li fè m' mal anpil.

Se ak konstènasyon, ak remò m'ap konstate kijan fanmi konfrè pa deside fè anyen pou li epi y'ap anpeche moun ki deside ede Wilner yo pou fè sa.

Mwen gen enfòmasyon radio massacre kote Altidor ap travay nan Wanament te toujou mennen li pran swen pandan plizyè ane pou pwoblèm mantal li a. Enfòmasyon yo fè konnen pi gwo obstak la se pwòp fanmi misye. M'ap di responsab radio a nou te aksepte sèvis Altidor kòm pwofesyonèl tout dènye moman yo, alò nou pa gen dwa sispann akonpanye li kèlkeswa difikilte nou ta rankontre.

Pou otorite ak moun gen lajan nan depatman Nòdès, Nò ak nan dyaspora a ki te konn pwofite mikwo Altidor pou pran pouvwa, asire pouvwa ak pou fè lajan, epi kounya nou pa wont pou n'ap chire zye nou gade Altidor k'ap gaspiye nan lari a san nou pa fè anyen. Nou pwouve tout bon vre, malerezman, nou nan yon sosyete chak koukouy klere pou zye w.

Nan mitan jounalis yo te gen yon bon inisyativ ki te pran pou ede konfrè a, men mwen te espere plis rezilta. Kisa li ye. Sou inisyativ jounalis Emile Pierre, plizyè jounalis, pami yo mwen men, te gen yon planifikasyon pou pèmèt konfrè a pran swen. Tout bagay pa pase jan nou te prevwa a, men Emile Pierre te rive akonpanye konfrè a pou mennen li bay fanmi li (madanm, pitit, papa...) nan depatman Nò.

Daprè enfòmasyon mwen gen se pwòp paran konfrè a ki retounen ak li lage li nan lari Wanament ankò.

Mwen aprann majistra Wanament lan ak kèk lòt moun te deside ale ak konfrè a nan yon sant psikyatrik nan kapital la, men sanble yo dekouraje akoz kèk vye entèvansyon. M'ap mande majistra Luma Démétrius ak lòt moun yo pou nou fè sa nou kapab, pa pran nan pwovokasyon. Moun k'ap repete move pawòl yo, si yo te bay Altidor valè yo t'ap retire li nan lari a deja.

Mwen pa vle okenn moun vin di m' "ohh, pou dat Altidor t'ap travay, fòk li ta ka peye swen an nan pòch li". Sa se ipokrizi. Nou tout konnen jounalis yo pa travay pou gwo lajan. Salè yo pa menm ka bay yo manje. Salè yon jounalis nan Nòdès pipiti pase salè yon moun k'ap travay nan soutretans. Nou toujou kontante nou eksplwate jounalis yo. Anplis, yo fè plis tan ap rann medya yo aj kominote a sèvis, sa vie di y'ap travay san kontra, san touche. Donk, tout jounalis isit ki pa gen yon lòt aktivite ekonomik, yo pòv.

Menmsi n'ap pwofite de yon jounalis yo, nou pa janm aksepte lide pou li benefisye yon kontra ki byen peye ni nan Leta, ni nan ONG nou responsab, ni nan antrepriz prive nou. Sa ki ta pèmèt jounalis la fè ekonomi. Alò, lasosyete pran responsabilite nou.

Mwen pwofite pwoblèm Altidor a pou mwen ka reflechi sou tèt mwen.

Ki sò sosyete sa rezève pou mwen lè moun yo ta va pa jwenn ji pou yo pije nan mwen ankò?

Repons mwen jwenn nan, franchman mwen dekouraje. Antouka, mwen espere, anvan li twò ta, nou bay yon lòt imaj nan zye m' ak nan zyè lòt jounalis yo.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire