Translate

mardi 2 avril 2019

Se konfime, depite Elience Petit-Frère mouri e li pa resisite

Depite Elience Petit-Frère (achiv) | © Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info
Yon delegasyon ki soti nan chanm depite a vizite komin Fòlibète madi 2 avril 2019 la nan lide pou yo jwenn bonjan enfòmasyon sou zafè lanmò-rezireksyon depite sikonskripsyon Ferye-Pèch la, Elience Petit-Frère. Manm delegasyon an konfime Elience Petit-Frère mouri e li nan mòg.

Sa fè yon mwa depi nouvèl lanmò Elience Petit-Frère te gaye. Aprè gen rimè ki ta fè kwè li resisite.

 Delegasyion an gen la dann 5 depite. Yo se: prezidan komisyon jistis, dwa moun ak sekirite piblik chanm ki pi ba nan palman ayisyen an, depite Clauvy Robas; prezidan blòk EPAN an ki se blòk depite Elience Petit-Frère te fè pati de li, depite Jacques Julmice; depite Fòlibète a, Jacquelin Rubes; depite Wanament lan, Elisma Florvil ak sekretè jeneral chanm depite a, Guy Gérard Georges.

Aprè delegasyon an fin rankontre ak grand frè depite defen an mesye Duchène Petit-Frère lakay li, delegasyon an ki te akonpaye de Duchène Petit-Frère, sibtiti komisè pakè Fòlibète a, mèt Saintilma Joseph; jij depè sipleyan tribinal depè komin Fòlibète a, majistra Jacques Philippe Vincent ak majistra François Colas ki te akonpaye ak grefye tribinal la; responsab SDPJ nan komin Fòlibète ak majistra nan kèk komin depatman Nòdès la te ale nan mòg prive kote kò depite defen an Elience Petit-Frère ye a kise Flora antrepriz finerè.

Jij depè yo drese konsta kadav depite a, aprè konsta légal yo delegasyon an te rann yo nan Biwo delegasyon Nòdès la, pou te bay yon konferans pou laprès kote prezidan komisyon jistis, dwa moun ak sekIrite publik chanm depite a, Clauvy Robas konfime “Depite Elience Petit-Frère mouri e li nan mòg Flora antrepriz finerè”. Li di yo pat janm deplase kadav la kontrèman a tout sa ki t’ap di.

Bò kote pa li, depite Kay-Il-Avach la presize ke depite Elience Petit-Frère mouri nan dat 2 mas pase a nan Dajabón an Repiblik Dominikèn nan yon ti Klinik prive ki rele Groupo Medico. Daprè depite Robas, kòlèg li Elience Petit-Frère te dyabetik.

Nap souliye poko gen okenn dat ki fikse pou fineray depite defen an.


Tèks: Roceny Chenot

Aucun commentaire:

Publier un commentaire