Translate

vendredi 19 octobre 2018

Komite lokal jèn nan Nòdès ki benefisye finansman yo remèsye prezidan Jovenel Moïse

Kèk manb komite lokal Nòdès
Manb Komite lokal jèn yo atravè 13 Komin nan depatman nòdès la, te rankontre ak laprès jou ki te dimanch 14 Oktòb 2018 la nan chèf lye depatman nòdès la Fòlibète, pou yo te kapab felisite e remèsye prezidan Repiblik la Jovenel Moïse, ki atravè komisyon nasyonal pou inovasyon ak ensèsyon sosyo-pwofesyonèl jèn yo ki gen ti non jwèt li CNIISJ epi ministè komès ak endistri ki pèrmèt 150 jèn nan peyi d'Ayiti, espesyalman nan 13 Komin depatman an pral genyen 13 nouvèl entreprise jèn ki pral kreye gras ak prè sa Leta ayisyen fè jèn yo ak yon to 3% chak ane.


Benefisyè yo estime gras ak prè sila, jèn yo «Pral kòmanse pran wòl gran dèt yo».

Nan yon nòt pou laprès, komite lokal Nòdès yo fè konnen jèn nan 13 Komin nan depatman Nòdès la benefisye prè. Sa ki fè yon total 13 nouvo entrepris ki pral gen jèn nan tèt yo. Tankou, nan komin Fòlibète yon pwojè kasavri benefisye yon finasman 1 milyon 300 mil goud, yon pwojè poulaye nan komin Wanament benefisye yon finansman 1 milyon goud ak 150 mil goud pou yon pwojè restoran nan komin Valyè.

Yo kontinye pou di «Nou menm Komite lokal jèn yo nan depatman nòdès la nou tap santi nou manke si nou pat temwanye satisfaksyon nou aprè gro travay sa nou te reyalize onivo komin yo pou nou te akouche gro projè sa ki rele pwogram apwi a antreprenarya jenès (PAPEJ), kote jodi a jèn yo pral kreye pròp antrepriz yo».

Komite lokal yo benefisye tou materyèl pou pèmèt yo fè travay yo, tankou : telefòn potable, laptop, motosiklèt ak mwayen pou komite lokal yo akonpli yonn nan misyon yo kise ankadre jenès la.

Responsab yo fè Komisyon nasyonal la konnen «Komite seksyon kominal yo pare se nou y'ap tann, pou yo menm tou kapab mete men nan  pat la, paske nap travay poun fè vizyon CNIISJ tounen yon reyalite kise dote peyi a de yon politik jenès».

Aucun commentaire:

Publier un commentaire