Translate

samedi 6 février 2016

Mete mizik «RESTE DEBOUT» a kòm sonri telefòn ou pouw solidarize ak Liliane Pierre Paul

Anpil kouch nan sosyete ayisyèn lan manifeste solidarite yo ak Liliane Pierre Paul pou di li rete debou paske li nan bon chemen an. Sa montre sosyete ap pa dakò pou yon chèf ni touye, ni voye nan egzil, ni entimide yon moun ki dakò ak fason wap dirije peyi a.


Pami gwo jès yo, nou jwenn mizik omaj Jean Jean Roosvelt la « RESTE DEBOUT » ki se yon repons a kanaval 2016 prezidan Michel Martelly ki rele « Ba'l bannan lan ». Nan kanaval Sweet Micky ese denigre Liliane Pierre Paul, kote li joure jounalis la nan sèks li kòm fanm pou tante montre li enferyè. Ebyen anpil sektè nan sosyete a monte Martelly (Sweet Micky) se pa vre, Lili se yon fanm ki konsakre tout lavi li pou sèvi kòz peyi a ,li merite respè.

Nan sans sa, pouw kontinye manifeste solidarite ak Liliane Pierre Paul, mete mizik « RESTE DEBOUT » a kòm sonri telefòn ou. Chak fwa telefòn ou sonnen ou tou rann omaj ak Liliane.



Fanm tankou gason dwe aji, kounyan. Si non, wap fè tèt ou pase pou konplis.


Jéthro-Claudel Pierre Jeanty
..

Aucun commentaire:

Publier un commentaire