Translate

jeudi 1 octobre 2015

Ipokrizi ak mefyans sosyete ayisyèn lan pou jounalis, jij ak polisye

Tout jounalis, jij ak polisye an Ayiti dwe fè anpil atansyon pou analize relasyon zamitay yo ak chak moun pou rive konprann motivasyon amitye a.



Majorite nan zanmi w yo plis ap chache manipile w pou defann enterè pèsonèl yo oubyen pou w delivre yo lè yo pran twa wa olye yo ankouraje w fè travay ou san fòs kote. Dèyè do w, pawòl ki pou ta fè w wont gade tèt ou nan glas pa manke, men fo zanmi sa yo pa janm gen kouraj pou diw sa yo pa dakò ak ou, sof lè ou pa nan enterè yo.

Lè moun sa yo bezwen popilè, konvenk popilasyon ou desisè sou yon sijè, oubyen lè yo pran nan gonm se nan medya yo ale refije.

Si menm moun ki swadizan fòme pran jounalis pou landjèz, konmsi metye a pa gen ni misyon ni etik. E pou ti pèp la?

Nou ka konprann krent anpil nan otorite isit ki tèlman mele nan bagay dwòl.

Tout jij gen etikèt machann jistis epi tout polisye konsidere kòm bouwo. Menm si kèk fwa ou anpil fwa kritik yo kapab chita sou laverite.


Pou jij ak polisye moun yo pi mefye se jounalis, ta sanble men plis pase bandi kap simen latwoublay.

Sosyete a dwe sonje san jounalis, jij ak polisye kominote yo tap tounnen jeng kote se pi gwo kap vale pi piti.

Sepandan, yon jounalis, jij ou polisye dwe toujou rete nan liy travay li epi chache viv nan lapè, lanmou e fratènite ak tout moun toutan sa posib, sitou ak sila ki sensè yo. Paske anvan tout bagay ou se yon moun epi bon zanmitay se bèl bagay, menmsi sosyete a sanble ap fonksyone anba lwa inyorans ak yon achaneman pou detwi moun.


Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

Aucun commentaire:

Publier un commentaire