Translate

jeudi 15 janvier 2015

Lame Dominiken di li pare pou fè desantdelye sou Ayiti

Fòs lame dominiken pare pou yo rantre Ayiti nenpòt kilè pou vin chache diplomat pa yo ak lòt nasyon ki mande li sa, si gen katastwòf natirèl oubyen si gen dezòd politik ak sosyal.

Kòmandan Guerrero Clase fè deklarasyon sa nan moman kote Ayiti nan tèt chaje kote palman pa ka fonksyone ankò e, prezidan peyi a, Michel Joseph Martelly, sèl pèpap, pare pou li gouvènen ak dekrè.
Li presize ke desantdelye a se pou vin sove lavi ofisyèl Dominiken ak anviwon 17 mil Dominiken li di ki ap vi Ayiti. Se pa pou danri yap fè sa.
Guerrero Clase di gen yon plan ki deja byen monte, e ki gen mizajou chak moman gen enfòmaasyon tounèf kap vin jwenn kòmandman militè a, paske gen ajans siveye rapòte ki ann Ayiti kap travay pou sa.
Plan sa prevwa pou antre nan Pòtoprens, Okap, Ansapit, Pedènal ak Wanament. Yap itilize lamrin (lanmè), chadegè (atè) ak avyon (anlè).
Source: Nouvelpam

Aucun commentaire:

Publier un commentaire