Translate

samedi 8 mai 2021

COJNE denonse pèsekisyon jounalis yo ap sibi nan depatman Nòdès la


Nan yon nòt pou laprès Konfederasyon jounalis yo nan Nòdès (COJNE) pibliye samdi 8 me 2021 an, li denonse pèsekisyon jounalis yo ap sibi.

Men kontni nòt la.


Konfederasyon jounalis yo nan Nòdès (COJNE) ap denonse pèsekisyon jounalis yo ap sibi nan depatman Nòdès la pandan dènye tan sa yo. Se ak lapenn COJNE ap konstate malgre tout batay ki fèt nan peyia pandan dènye deseni yo pou fè pwomosyon dwa moun ak libète laprès, nan depatman Nòdès la pèsekisyon kont jounalis yo pa sispann miltipliye.


Gen jounalis Edxon Fransisque bandi fè tantativ pou asasine li nan maten madi 4 me 2021 an nan Wanament pandan li ta pral prezante yon edisyon nouvèl nan radyo kote lap travay. Nan Wanament, Edxon Fransisque travay pou Radio Alliance FM epi tou li se korespondan Radio Nationale dHaïti (RNH). Bandi yo maltrete jounalis la epi pran tout sa li te gen sou li. E, se bon pye konfrè a ki sove li.


Nap fè remake, daprè enfòmasyon nou rekeyi, bandi yo te idantifye jounalis la e se jounalis la menm yo t’ap tann. Nap tou sinyale tou, tantativ asasina sa fèt nan yon kontèks kote sitiyasyon sekirite a deteryore anpil nan peyi dAyiti.


Gen plizyè jounalis k’ap sibi pèsekisyon pou enfòmasyon yo bay nan laprès, tankou jounalis Cersine Villardouin.


Pou tout moun kap itilize pouvwa yo ak enfliyans yo pou pèsekite jounalis nan depatman Nòdès la, COJNE ap egzòte nou. Sispann! Nou nan yon move chimen!

 

COJNE ap raple tout otorite nan lapolis ak nan lajistis, obligasyon nou genyen pou respekte lalwa epi garanti sekirite tout moun, spesyalman jounalis yo kap fè yon travay enfòme ak fòme popilasyon an. Nap mande otorite ki la pou sa yo pou yo kreye kondisyon ki nesesè pou jounalis yo ka kontinye fè travay yo san kè sote, sa ki se yon eleman fondamantal nan demokrasi.


Pou komite a :

Jéthro-Claudel Pierre Jeanty, Kòdonatè

Jaudelet Junior Saint-Vil, Sekretè

Imel : cojnehaiti@gnail.com

Telefòn : (509) 3717-3479, 4306-8481

Aucun commentaire:

Publier un commentaire