Translate

lundi 21 janvier 2019

Plas Notre-Dame Wanament lan san lè detwi

Imaj mitan Plas Notre-Dame | Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info 
Mwen konnen nan peyi m' depi w emèt yon opinyon ki diferan ak moun ki gen pouvwa, moun ki pa pè simaye anvlòp chaje, ou san lè gen etikèt oubyen sibi tout fòm atak. Men sa p'ap anpeche m' di sa m' panse sou zafè plas Notre-Dame Wanament otorite yo deside kraze pou fè yon lòt nan menm pozisyon an.

Nan lane 1997, sitwayen Levy Prophète te itilize lajan pèsonèl li pou kraze plas piblik ki te nan sant-vil la epi konstwi sa nou gen la a.

Li te depanse preske 4 milyon goud. Si n'ap pran dola kòm nomè referans, depans sitwayen an vo kounya anviwon 18 milyon goud. An 1997, 1 dola te vo 16.65 goud e an janvye 2019, 1 dola vo 78 goud.

Levy Prophète te fè travay la ak otorizasyon lameri Wanament ki te gen nan tèt li Lefaine Chery ki ta sanble t'ap fè demach nan gouvènman santral la pou jwenn lajan pou rekonstwi plas sa, men san rezilta.

"Sa ki te motive refè plas la, se paske Dominiken yo te konn ap imilye Ayisyen lè yo ale pran detant sou plas piblik ki Dajabón. Plas sa virée bay Ayisyen yo jwenn yon bèl kote pou pran detant epi pou kapab atire toutris nan Wanament", se sa Levy Prophète ki t'ap reponn kesyon Nord-Est Info fè konnen.

Imaj kyòs ki gen souteren ki ta dwe itilize pou mize a | Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info 
Jiska prezan plas la poko fini, daprè plan an. Levy Prophète mansyone "2 jè dlo nan kote Nò ak Sid epi yon mize nan souteren ki anba kyòs la te dwe enstale".

N'ap souliye, gras ak yon finansman, nan lane 2008 lameri Wanament, ki te gen nan tèt li Rony Pierre, te depanse yon bon valè lajan pou amenaje plas Notre-Dame nan.

"Lajan mize a ta pral antre a ta pral separe an 2. Lè yo fin retire lajan pou fonksyònman ak mentnans plas la. Mwatye nan lajan an pou lameri, mwatye pou sant akèy Bon Samaritain nan Wanament", daprè previzyon Levy Prophète te fè.

Sou ansyen minis Aviol Fleurant, pandan lane 2018 la, Ministè Planifikasyon debloke 70 milyon goud pou rekonstwi plas la.

Levy Prophète deklare "Pi gwo desepsyon m', se paske otorite yo deside detwi èv mwen fè pou kominote a san yo pa menm kominike ak mwen. Pa gen okenn otorite ki chache konnen kisa ki nan plan plas la".

Zafè kraze plas la pou konstwi yon lòt nan menm pozisyonn an se yon gaspiyaj, sof si enjènyè yo ta pwouve m' konstriksyon ki la a pa bon, li reprezante yon danje pou moun k'ap frekante li yo.

Prezantasyon plan nouvo plas la | Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info
Anplis, desen nouvo plas la responsab yo mete sou teren an montre aklè pa te gen yon etid serye ki te fèt. Kòm prèv, anviwònman yo montre a se pa anviwònman kote plas la ye a.

Lè w'ap gade plas piblik ki la a, achitekti a trè bèl. Dayè, se chanson sa menm moun ki lage 2 gidon pou kraze li yo te toujou ap repete.

Men, kisa ki motive yo pou kraze li kounya!
Eske se pou fasilite ti zanmi fè lajan?
Pou yo jwenn komisyon?
Oubyen sa jis antre nan yon lojik disparèt enpwent tout lòt moun nan tout sa ki gen valè nan komin nan, pou lè moun ap pale de Wanament pou se yo sèl ki referans?

Daprè mwen menm, men pwoblèm plas ki la a: baryè li pa gen, flè yo ki pa wouze, limyè li pa genyen ak lameri ki pa fè siveyans sou li. Se travay sa yo lameri ak lòt enstitisyon yo ta dwe fè.

Kisa ki jistifye plas ki la a oblije kraze?
Kisa ki anpeche nou gen 2 bèl plas?
Pouki rezon se yon sèl nou oblije genyen?
Lòt kesyon. Eske plas ak nouvo achitekti a pa ka reyalize nan yon lòt teren nan komin Wanament? Lè sa nou t'ap gen 2 bèl plas piblik. Si nou kraze sa ki la pou nou pran teren an pou konstwi yon lòt plas, se yon sèl bèl plas piblik n'ap gen, se pa 2.

Si plas ki la rete, li p'ap anpeche pwojè nouvo plas la reyalize. Pa gen sesesite pou plas ki la a kraze. Nou sèlman bezwen yon teren. Mwen pa wè sa ki difisil pou konprann nan non!

Lè Levy Prophète t'ap konstwi plas ki la a, anpil moun te bat bravo pou li paske yo te estime plas sa pi bèl. Mwen menm se yonn pami moun sa yo, menmsi mwen te tou piti. Jiska prezan mwen kontinye respekte gwosè kontribisyon sa sitwayen an te bay la e mwen konsidere Levy Prophète kòm yon modèl Ayisyen ki rich yo ta dwe swiv.

Menmsi achitekti aktyèl plas la pi bèl, nou dwe rekonèt tou se yon pati nan istwa Wanament ki disparèt. Pouki rezon nou oblije pral fè menm erè a, lè nou pral disparèt ankò yon pati nan istwa komin nan!

Li enpòtan pou nou gen bagay ki la depi anpil tan. Men, si vire tounen n'ap kraze sa nou gen yo, nou p'ap janm posede anyen ki gen yon istwa dèyè li ki merite rakonte, sa ki t'ap ogmante valè zèv yo. Enfrastrikti sa yo se tankou diven, toutan yo gen plis tan, yo gen plis valè, moun ap soti pi plen pou vizite yo.

Mwen kwè Wanament bezwen plizyè bèl plas. Nou ta dwe amenaje epi mete yon bon gesyon nan plas ki la a, epi lajan sa nou vle itilize pou kraze li epi fè yon lòt nan menm pozisyon an ta dwe itilize pou konstwi yon lòt bèl plas yon lòt kote nan komin nan.

Tout sa ki bèl nan komin nan pa oblije nan ti wonn sant vil la. Jan mwen toujou di li a, ti wonn sant vil Wanament pa ka pran anpil bagay, si nou vle fè devlòpman fòk nou elaji vil la ak bèl bagay ki ka atire moun. Nou pa oblije ap kraze refè sou menm kèk mèt kare yo.

Mwen rete kwè tou, tout moun ki reyalize yon gwo zèv nan komin nan dwe gen chans pou jenerasyon k'ap vini yo konnen yo gras ak zèv sa yo. Donk, nou dwe sispann detwi zèv lòt moun.

Malgré gen anpil moun ki manifeste dezakò yo ak zafè kraze plas piblik ki la a, otorite yo pa bay popilasyon an okenn eksplikasyon.

Rejim Duvalier a konstwi pi gwo ayewopò ki nan peyi a, olye lavalas konstwi yonn ki pi gwo toujou, mesye dam yo chwazi pase men nan zèv Duvalier a epi chanje non li pou disparèt Duvalier. Rejim Tèt Kale a vini yo sèlman pase men ladann tou. Sanble se pou lawont yo poko chanje non an tou. Sa pa rele devlòpman. Sa se lit pou vizibilite, pou predominans, pou kenbe fliyans...

Jéthro-Claudel Pierre Jeanty
jeantyjethro@gmail.com 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire