Translate

samedi 1 novembre 2014

Swè MEKSEPA nan okasyon fèt Gede pou ane 2014

Nan okasyon fėt Gede a pou ane sila, 01 ak 02 novanm 2014 la, Mouvman pou Endepandans Kiltirèl Sosyal, Ekonomik ak Politik an Ayiti (MEKSEPA) pataje senpati li ak tout moun ki kwė nan manifestasyon kiltirel ak relijye ki rele feėt Gede a.

Li Mesaj la pi ba.


Ayiti se yon peyi tè Vodou, Boukman kite rasin sa nan kè tout Ayisyen, Vodou se papa libète, se pou sa depi tanbou frape nou tout fyè poun leve danse.

MEKSEPA pwofite moman sa pou swete tout lidè Vodou ak tout Ayisyen ki konnen rasin yo, yon bon kouraj, bòn kontinite ak bon fèt patriyotik.

MEKSEPA mande pou chak Ayisyen pwofite menm moman sa pandan anpil fòs ak anpil enèji ap degaje poun mande fòs ak pasaj, konsa nou va jwenn chimen inyon pou refe lafòs anko nan peyi nou.

Men nan men, je nan je, Ayiti ap tann nou tout pou yon pi bon demen.


Guiliot Paul,
Resposab Relasyon Piblik Nasyonal MEKSEPA

Aucun commentaire:

Publier un commentaire