Translate

jeudi 21 novembre 2019

Manm popilasyon an nan Wanament atake yon ponp Total k’ap fè mache nwa

Ponp Total Wanament, 20 novanm 2019 | Foto Jéthro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info
Depi kriz la kòmanse a, sa gen kèk mwa, ponp Total yo pa preske vann gaz malgre stòk yo chaje. Yo pwofite feblès Leta a pou ranfòse kriz la epi pwofite menm kriz sa pou fè mache nwa.


Nan depatman Nòdès la, ponp sa yo preske toujou fèmen menmsi stòk yo chaje ak gaz.

Nan komin Wanament ki twouve li sou fwontyè nan depatman Nòdès la, manm popilasyon an atake ponp gaz Total la ak kout wòch ak kout boutèy nan aswè madi 19 novanm 2019, yon fason pou eksprime kòlè yo fas a move konpòtman responsab yo. Pou chase moun k’ap voye wòch ak boutèy yo, sekirite yo te oblije tire bal.

Pou ponp pwoteje ponp la, Lapolis te oblije deplwaye yon ekip nan inite spesyalize ki rele UDMO a.

Manm popilasyon an repwoche responsab yo paske y’ap vann galon gazolin nan kèk fwa 300 goud epi kèk lòt fwa 350 goud. Sepandan, se 224 goud Leta fikse li. Anplis, yo pa vann ni machin ni motosiklèt. Se sèl moun k’ap achte pou ale fè mache nwa nan lari a responsab Total yo vann gaz. Kote machann sa yo vann galon gazolin nan ant 400 a 500 goud.

Adjwen nan Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASEK) nan Womaribawou, Thelusmon Jean-Baptiste kritike konpòtman responsab Total yo ki sèman kontante yo pou pwofite pwoblèm peyi a pou yo fè plis lajan pandan y’ap rann lavi popilasyon an vin pi difisil.

Toutfwa, mesye Jean-Baptiste admèt yon ogmantasyon 10 goud oubyen 15 goud t’ap konpreyansib paske pou gaz la rive nan Wanament reponsab yo oblije peye bandi k’ap ransonnen yo sou wout la. Men 126 goud anplis la pa posib.

KASEK adjwen an egzòte otorite konsène yo pou pran mezi nesesè kont responsab Total san pèdi tan.

N’ap raple, nan Wanament gen 2 ponp gaz. Yon Total ak yon National. Ponp National la louvri preske chak jou epi gaz la toujou vann nan pri nòmal li. Men pou yon moun rive jwenn gaz achte, li oblije pase yon demi jounen nan liy tèlman demand la elve.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire