Translate

mardi 26 mars 2019

Vil Wanament san defans fas a katastwòf

Wanament se yonn nan komin ki pi vilnerab nan depatman nòdès la fas a aleya idwometeyolojik yo. Genyen pou pipiti senk (5) rivyè danje ki travèse vil la. Sou fontyè Wanament ak Dajabón nan nou jwenn rivyè masak ki rantre nan vil la depi lapli tonbe, ti rivyè avèk rivyè kanari se 2 rivyè ki pase nan mitan vil la san nou pa bliye rivyè sab avèk djasa ki twouve yo nan rantre vil la.


Tout rivyè sa yo reprezante gwo danje pou vil la paske pa genyen travay ki fèt pou pwoteje yo epi pou yo kapab itil kominote a. Sa lakoz inondasyon tout kote depi yon ti lapli ta tonbe nan vil la.

Lòt pwoblèm ki bay gwo inondasyon nan vil la se paske pa genyen ase kanal ki pou resevwa dlo yo epi ale jete yo nan rivyè a, tout kote dlo yo te konn pase yo genyen kay ki konstwi nan espas sa yo san lameri pa pran mezi pou anpeche moun konstwi nenpòt kote.

Genyen plizyè zòn nan Wanament ki toujou frape anba gwo katastwòf tankou inondasyon ak tònad. N'ap site: Tilorye, Site Grasya, Vilaj Sèzolivye, Site Lapè, Gaya, elatriye.

Pou inondasyon fèt nan vil wanament, se pa gwo lapli ki oblije tonbe paske travay ki dwe fèt pou anpeche dlo anvayi moun ki ap viv nan zòn danje sa yo pa janm fèt. Wanament tèlman san defans, menm nan moman solèy vil la panike, paske moun yo koupe tout pye bwa ki te konn bay oksijèn pou yo fè chabon avèk planch pou fè mèb.

Lameri ak lòt enstans ki konsène yo ta dwe pran dispozisyon pou moun pa konstwi nenpòt kòman paske akote pwoblèm nou sot site yo, Wanament gen menas tranbleman tè ki plane sou li, yon fenomèn ki ka rive nenpòt ki lè.

Malgre laprès nan lokalite a toujou ap pote konsèy pou moun yo pa konstwi nenpòt kòman ak nenpòt kote, pou yo sispann koupe pye bwa, pou enstitisyon ki nan domèn anviwònman, ibanizasyon ak edikasyon tankou ministè anviwònman, lameri, ministère edikasyon nasyonal ak pwoteksyon sivil, kapab fè yon kanpay pou rebwaze vil la, pou defini yon plan ibanizasyon epi mete li an aplikasyon, ebyen anyen pa janm fèt bò kote otorite yo.

N'ap lanse yon apèl bay tout enstitisyon ki nan vil la pou yo pote kole pou travay yon fason pou redwi vilnerabilite popilasyon an epi fè preparasyon ki nesesè pou yo ka reponn ak efikasite lé fen yon katastwòf. Pa bliye vil Wanament viktim anba plizyè inondasyon ki pwovoke gwo dega pandan dènye ane sa yo.


Emile Pierre

Aucun commentaire:

Publier un commentaire