Translate

vendredi 6 janvier 2017

Dekouvri Sodo Sigara nan tout splandè li, nan komin Karis

Sodo Sigara, nan komin Karis | par Paginel Jean-Baptiste / de Nord-Est Info
Rive nan Bwa Gamèl, premye seksyon nan komin Karis (nan depatman Nòdès) sa ki etone vizitè yo pi plis se pa sèlman divès kalite bèl pye bwa ki byen vèt kap dodomeya sou tèt basen yo men tou se yon klima nomal kap salye vizitè yo, epi bèl anviwonman ki fè bèlte zon nan ak plizyè chit dlo nan abitasyon Sigara ki twouve yo nan yon otè plizyè dizèn mèt. Sodo Sigara yon mèvèy lanati kreye ki akouche la rivyè Marikot ki tonbe nan rivyè tenèv.

Bwa Gamèl gen yon popilasyon 2516 abitan kap viv ladan selon estimasyon IHSI nan lane 2015. Sodo Sigara se yon kote ki bay anvi viv nan zòn nan. Gen anpil gwo woch, gwo basen ak plizyè pye bwa tankou figye, soukriye, pomwoz, mango, ak lyann ki ofri vizitè yo rasin kom chèz pou pran repo oubyen pou kenbe frechè nan espas la. Sa kita okazyone moun vin fè aktivite spirityèl ak pran detant nan dlo a, se sa mesye Leonce Alexis ki se doktè fèy nan zòn nan fè konnen “toujou gen manbo, ouga ak lot moun ki vin chèche fèy isit la pou fè te pou moun malad”. Li kontinye pou di moun pa sispann monte desann nan sodo a, pou vizite epi benyen.

Instwa zòn lan makommem ak sodo sila. Sigara gen yon gwo woch ki nan yon mòn, listwa zòn lan rakonte Kako yo te konn al kache anba li nan tan lagè, yo fè manje yo epi domi la, Sodo sigara gen plizyè branch kap vide dlo, anplis chak chit yo gen yon basen byen fon anba yo

Ban sodo a nou jwenn basen ki pran fòm divès, ak plizyè basen ki gen diferan non tankou: basen labriz, komandan, basen sen lwi, akansyèl, milèt, chodyè, elatriye.

Selon sa agrikiltè Julio Jean-Baptiste rapòte “basen sa yo moun pa janm pase bo kote yo pou plezi, moun toujou pè pase akote yo sitou basen komandan”, li enfòme nou "Dèfen grann Man Valsina te gen yon pitit ki te ale lapèch nan basen komandan li te tann panyen nan basen komandan, lè lal leve li, li wè se yon pil grenn je k’ap gade li andedan panye a.”

Gen lot jèn tankou Jude ki di nou “ Mwen menm se pase m pase devan granmoun sa li pa konn nan jwèt ak moun kote w wèl tou ble la, plizyè fwa mwen vin voye fre*, lè m wè kòd la ap souke mwen rale li, toutotan map rale kòd la mwen wè se nan basen an map vanse pou mal tonbe mwen kouri epi lage kòd la.

” Daprè Leonce Alexis “ Depi ou pa bon moun ou paka pase devan basen kòmandan, san sa ou ka pèdi konesans, lèw vin gen bon sans ou, wap twouve w byen lwen basen an.”

Se ak anpil kè kontan abitan nan lokalite a, tankou, pwofesè, elèv, ak anpil lòt jèn ap pale sou mèvèy Sodo Sigara ki se yon senbòl fyète ak diyite tout kominote Karis la.

Bò kote pa li, St Crejus Alexis ki se yon ansyen KAZEK nan seksyon Bwagamèl la kontinye poul di : “Lontan Bwagamèl se te yon lokalite ki te tou vèt. Pye bwa ki bay fwi ak forè te toupatou. Men depi plizyè ane, anviwon 30 lane konsa, abitan deklare lagè kont pyebwa, pou fè chabon, planch, elatriye”. Sa vin koz anpil abitasyon tounen dezè, men tou sa pa anpeche, jodi a se Bwagamèl ki gen plis kouvèti vejetal nan komin nan.

Daprè temwayaj plizyè sitwayen nan seksyon an “ depi plizyè lane, pwodiksyon agrikòl la bese anpil, sa koz moun paka jwenn manje nan zòn nan. Peyizan yo pa gen chwa nan koupe bwa pou batay ak chète lavi a.

Malgre tout difikilte yo, asosiyasyon AJPC kwè moun ka toujou konte sou Sodo Sigara nan pwojeksyon y'ap fèt. "Si moun nan lokalite a bay enpotans li epi pwoteje li sispann koupe pye bwa ki akote bèj sodo a. Se yon zòn, si leta mete’l nan plan devlopman touristik li a ki ka pèmèt plis touris vin vizite peyi a. Men avan sa, fok gen envèstisman ki fèt pou akeyi vizitè yo", Daprè AJPC.


Paginel Jean-Baptiste

* Fre a se vyann yo mare nan yon kod epi yo lage li nan basen yo pou kenbe krab oubyen pwason.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire